Joe Biden rale kò l epi mande patizan l yo kore Kamala; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Ti koze ak Dr Wangusi sou manif Kenyen Washington yo devan FMI; Liy ouvè ak oditè yo ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Joe Biden (oswa moun k ap deside pou li yo!) kraze yon kite sa epi anons lan tou di l ap kore Kamala Harris pou ranplase l kòm kandida pati Demokrat la
Deklarasyon 26 mas 2024 KOMOKODA
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Anons
Nouvèl:
-Dega "Crowdstrike" jedi swa ak vandredi maten bloke sistèm konpitè avyon, lopital, biznis atravè mond la; Plizyè dizèn milya dola vèt bwè luil nan yon ti bout tan tout kout
-Anbasadè Meriken an Denis Hankins al Miami pou rankontre zotobre nan kominote Ayisyen an ak laprès pou l kore pwojè Meriken pou Ayiti a
-2 gwo trajedi nan lanmè: 40 Ayisyen ki t ap sot Okap ki t apral Ziltik mouri lè batiman an eklate pandan yon seremoni epi yon batiman ak 60 migran k te kite Bahamas nan wout pou Miami disparèt
-Manifestasyon nan ayewopò Tel Aviv maten an pou bloke vwayaj Netanyahu k ap vin Etazini
Ti koze ak Dr Nathan Wangusi, yon fanmi ki soti Kenya k ap viv nan zòn Washington nan sou manifestasyon kont William Ruto ki fèt samdi a devan biwo FMI nan Washington
Liy ouvè ak oditè yo
Anons