Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi ak zanmi sè nou Madam Gisele Duvivier ki fè travèse li; Lantèman an fèt nan wikenn nan
Konbit pou 27yèm selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman k ap fèt samdi 10 out la k ap vini an
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué sou Festival Marcus Garvey ki fèt yè dimanch lan nan Queens, NY; Nou tou gade dosye Meriken ki deside ansèkle Lachin ak zam nikleyè
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Nouvèl:
-Nan mitan pil dosye sasinay k ap fèt Ozetazini jodi a, Malcolm X ta di "Chickens are coming home to roost" - rasis yo ak pitit rasis yo ap fè zam ap chante anndan pwòp kay yo
-Choz di choz fèt, Vandredi 2 out la Gouvènè Pòtoriko a bay talon l men li tou enstale yon nouvo Sekretè Deta epi renmèt msye djòb ranplase l
-Gouvènman Trump lan fèmen pwogram Family Reunification lan ki te pèmèt Ayisyen ki deja aprouve pou rezidans vin tann kat yo Ozetazini
-Nan rankont li ak konsèy sekirite peyi li jodi a lendi a, Vladimir Putin di yo se kif pou kif, pou yo suiv Etazini depre epi depi yo ta wè Trump fè yon ti revòlvè anplis yomenm yo gen devwa pou demele gèt yo pou pwodui yon mitrayèt
Anons