Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou salye kèk fanmi k ap selebre anivèsè nesans yo semèn sa a
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou fanmi konpatriyòt Mario Jeanty nan Radio Soleil epi Boss Felix Buissereth nan Radyo Pa Nou; Lantèman tou 2 fanmi sa yo fèt ayè samdi a
Anons
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Nou jete dlo pou fanmi nan Vèrèt yo apre atak Baz Gran Grif fè nan katye Doda mèkredi pase; Woukoukou pou konpatriyòt John Harshly (H-Legba Pitit Sòyèt) ki tonbe nan masak sila a
-Dènye nouvèl Goudougoudou ki frape Tiki ak Siri semèn pase a
-Justin Trudeau pral Bahamas pou patisipe nan 44yèm rankont alatèt peyi CARICOM yo
-Lula te nan Washington Vandredi a pou yon rankont ak Joe Biden; Li kontinye vann an gwo epi an detay
-Yon gwoup 114 Ayisyen ki te pran wout la sou lanmè ateri nan zòn Key Largo nan Miami
-Atik Associated Press sou komès k ap fèt nan kominote Kiben an pou fè moun rantre pou $10,000 nan pwogram Biden nan
-Eddy Alexandre nan EMINIFX plede koupab pou fwod $248 milyon nan yon pwojè Kripto kote l te pwomèt envestisè l yo 5% enterè chak semèn
Ti koze ak sè nou Ana Maria Belique sou liv li "Poupe Dieula a" l ap vin prezante dimanch nan lokal Flanbwayan an
Liy ouvè ak oditè yo
Anons