Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Segman Zafè Kay ak sè nou Michelle ki nan Flatbush nan Brooklyn nan
Nouvèl:
-Quixote Center fè yon etid ki montre Gouvènman Biden nan depòte plis moun Ayiti pandan mwa fevriye a ke Trump te depòte pandan tout ane 2020 an
-Jounal entènèt Haitian Times ekri yon atik pou montre Farah Louis ki reprezante District 45 lan bay gwoup andeyò zòn lan $1.4Milyon pandan gwoup nan district la jwenn $200 mil dola nan men li
-Pou reponn atak Meriken sou yon baz Iranyen nan Lasiri Vandredi k sot pase a Lasiri, Iran ak Larisi bonbade yon karavàn kamyon luil Meriken ak bizawèl li ki okipe teritwa Lasiri ilegalman t ap fofile pou y al vann nan mache nwa
-Dènye nouvèl nan dosye stimulus lan
-Lakou Siprèm nan Brezil blanchi dosye ansyen prezidan Lula; Sa louvri baryè pou l kandida pou prezidan nan pwochen eleksyon peyi a ane pwochèn
Emisyon Eritye Papa Desalin retire chapo n pou n salye memwa Pè Jean Yves Urfié, yon blan Franse ki te yon gran sipòtè pèp Ayisyen an epi yon Vanyan konbatan pou lang Kreyòl la, ki fè travèse li 10 fevriye k sot pase
Liy ouvè ak oditè yo
Twa pa - Istwa Jean-Claude Martineau (Koralen)
Nou salye sè nou Marlene Jean Noel ki se sè Dr. Ernst Pady yo sasinen devan klinik li Pòtoprens epi nou salye sè nou Fabienne René ki se kouzin enfimyè Edeline Mentor Louis yo sasinen sou wout Frè a
N ap kontinye bat fè a pou ede pèp Ayisyen an sonje fòs li