Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou voye Bòn fèt pou ti sè nou Nicole k ap bouske lavi a nan peyi Chili epi sè nou Tita; Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou sè nou Ninaj Raoul ki fè lantèman manman li nan wikenn nan
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl 26 jiyè 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Nouvèl:
-Mobilizasyon popilasyon Pòtoriko a fòse alatèt peyi a Gouvènè Ricardo Rossello bay demisyon li
-Jij federal bloke desizyon Gouvènman Trump la nan tantativ li pou anpeche migran ki soti nan Amerik Disid yo mande azil Ozetazini
-Anpil kritik sou gouvènman peyi Gwatemala ki siyen yon akò ak Gouvènman Trump la pou yo anpeche migran travèse peyi yo pou y al Meksik pou mande azil Ozetazini
Refleksyon nou sou 28 jiyè 2019 ki se 104yèm anivèsè dat madichon premye okipasyon militè Meriken lakay nou
Anons