Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm:
815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
Ti koze ak frè nou Kebert Bastien sou travay KATAN (Kolektif Atis Angaje) epi sou pwojè travay atis pent yo ak non viktim rejim PHTK a nan Kafou Rezistans
Ti koze ak Mackenson Jean epi ak Junie Salomon ki se 2 nan etidyan yo ki tanmen yon grèv grangou anndan lekòl dwa nan Pòtoprens pou voye Jovenel ale
Refleksyon nou sou rezilta eleksyon ki fèt dimanch lan nan Bolivi epi batay endijèn yo pou yo kenbe pouvwa Prezidan Evo Morales la ki rive elimine grangou, rive fè tout moun nan peyi a konn li ak ekri nan 13 lannen ki sot pase yo
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm:
815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
Liy ouvè ak oditè yo