Deskripsyon:
Kriz ki pete nan Konsèy Prezidansyèl la ak anons moun yo chwazi pou vin prezidan ak premye minis se yon kesyon ki enterese anpil patriyòt ayisyen kap chachwe wout pou fè lapè, jistis ak sekirite retounen nan peyi a.
Nou sonje Konsèy la te pwomèt li pral tanmen yon tranzisyon koupe fache kap dire 2 lane. Poutan, anpil bouch ap bat apre 1e desizyon Konsèy Prezidansyèl ki fann fè 2 bout tankou yon grenn zaboka. Kisa ki rive? Ki konsekans sak rive ka genyen. Repons kesyon sa yo chita nan nannnan podkas nimewo twa nou.
Konsa, Episòd sa a kapab ede w konprann pi klè kriz politik kap ravaje peyi dAyiti e kijan enterè pèsonèl ak ambisyon kapab anpeche progrè e menase sekirite sivil.