Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
KOMOKODA ranvwaye mobilizasyon pou n t al manifeste nan Chappaqua demen madi 26 oktòb, jou fèt manman vòlèz Hillary Clinton
Ranmase sou manifestasyon October 22nd Coalition fè Vandredi a pou lonje dwèt sou sasinay ak maspinay lapolis bò isit fè nan peyi a
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 22 oktòb 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines ki nan peyi Kiba epi ak frè nou Hilario Batista ki se responsab Depatman Kreyòl Radyo Laavàn Kiba epi responsab òganizasyon Bannzil Kreyòl Kiba
Nouvèl:
-Etazini kidnape yon diplomat Venezyela epi mennen l vin jije isit paske yo di l vyole desizyon Prezidan Meriken an
-Alatèt konpayi Digicel la Denis O'Brien atake Facebook ak konpayi li posede yo kòm yon biznis kolon pandan Digicel limenm ap fè e defè lakay nou ann Ayiti; Moun nan Jeremi mete dife nan biwo Digicel nan vil sila a
-Òganizasyon RNDDH akize Liszt Quitel ki pote tit Minis Jistis ak Minis Enteryè gouvènman kwoupyon an kòm kòmanditè kidnaping Pastèt Jean Ferret Michel
-Leon Charles revoke/demisyone nan djòb Chèf Lapolis Ayiti; Li retounen nan djòb reprezantan Ayiti nan OEA
-Plizye òganizasyon nan New Jersey kole zepòl pou manifeste devan biwo imigrasyon nan Newark pou denonse politik rasis Administrasyon Biden nan parapò ak refijye Ayisyen yo
-Gran medya Meriken yo fè konnen finalman Donald Trump resi gen lajanapre l lanse nouvo biznis medya li a "Trump Media & Technology Group" nan "stock market" la
-Premye pitit Jovenel Moise, Joverlin Moise k ap viv nan Monreyal, Kanada ale nan tribinal nan peyi sila a pou l chache jwenn jistis pou "papa l ak prezidan l"
Liy ouvè ak oditè yo
Anons