Bilan kanaval "Labor Day" a; Repòtaj Altagracia nan Rankont Afrodesandan nan Costa Rica; Niger frape pye l atè; Larisi aktive Satan 2; 2 òganizasyon ti komik anonse dyaspora a vle entèvansyon militè...
***
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Columbia University pou make premye jou klas Hillary Clinton
Mobilizasyon pou manif KOMOKODA nan 45th St ak Premye Ave pou denonse entèvansyon militè Meriken-Kenya nan peyi nou
Nouvèl:
-Kouman jounen Kanaval "Labor Day" Eastern Parkway nan Brooklyn nan fini
-Anons lan panko ofisyèl men tout preparatif sanble ap fèt pou yon vizit Kim Jong Un nan Moskou nan jou k ap vini yo
Repòtaj Kay vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Altagras nan 3yèm rankont entènasyonal pèp Afrodesandan k ap fèt ane sa a nan Costa Rica
Nouvèl:
-Peyi Niger mande pou sòlda Lafrans ki sou teritwa l degèpi epi yo tou anonse y ap monte pri iranyòm y ap vann Lafrans pou l rive nan pri pwodui sila a nan mache entènasyonal la
-Arabi Saoudit ak Larisi anonse y ap koupe pwodiksyon luil yo efektiv imedyatman ki menm kote fè pri a monte nan mache entènasyonal la
-Malgre ensekirite, mwens jou lekòl nan ane 2022-2023 a, ti komik nan Edikasyon Nasyonal ann Ayiti yo fè konnen 87% elèv yo reyisi ekzamen 9èm ane fondamantal yo
-Òganizasyon COODAH ak Federasyon Diaspora Haitienne nan ki di yo reprezante dyaspora a chita ak Frederica Wilson ki se depite Meriken nan Florid pou yo di l dyaspora a sipòte entèvansyon militè ann Ayiti
-Vandredi pase a Larisi anonse bay mond lan li aktivie misil "Satan 2" a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons