Nou salye epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak nou; Leve kanpe kont politik imigrasyon ekip Donald Trump lan atravè Etazini; Entèvyou ak sè nou Ninaj Raoul sou mobilizasyon lari a epi pou n ankouraje kominote Ayisyen an leve kanpe tou; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Emisyon espesyal sou mobilizasyon k ap fèt atravè Etazini pou bloke politik anti imigran ekip Donald Trump lan
Son manifestasyon ki fèt devan biwo imigrasyon nan Manhattan nan
Entèvyou ak sè nou Ninaj Raoul, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen ki te nan manifestasyon nan Manhattan yo yè
Liy ouvè ak oditè yo
Anons