Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Konbit pelerinaj pou kominote a monte Plymouth, Massachussetts jedi 28 novanm, jou "Thanksgiving" nan pou n al pote solidarite n ak endijèn yo ki make li kòm "Jounen Nasyonal Dèy"
Mesaj frè nou Antoine Adan sou pelerinaj Plymouth la
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan zòn New York la jodi a
Son nan manifestasyon ki te fèt nan New York epi nan Kanada pou n kanpe ak pèp la ann Ayiti ki nan goumen
Ti koze ak fanmi Espas Kreyòl yo (Menès Dejoie ak Jean Refuse) sou pyès teyat Mèt Zabèlbòk y ap prezante Vandredi swa nan Brooklyn nan
Nouvèl:
-Etazini ap mande lapè ak dyalòg yon bò epi yon lòt bò l ap rele vide gaz
-Koudeta pou Jezi nan Bolivi!
-Masak Izrayèl fè sou Palestinyen yo nan Gaza semèn pase a
Refleksyon nou sou konpatriyòt Jacques Yves Sebastien Duroseau lapolis Ayisyen ta arete nan ayewopò Pòtoprens ak gwo zam fann fwa nan malèt li
Anons