Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Salitasyon espesyal pou fanmi nou yo nan Radyo Atlantik
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI demen 3pm:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Ti restavèk Rodneyse Bichotte pran grad; Jumaane Williams retire chapo l pou salye manmzèl; KOMOKODA di grad pou vann li vann kominote a se plis madichon sa mande
Jovenel Moise revoke woule m 2 bò Claudy Gassant apre ti kras plis ke yon mwa nan djòb la
Ki jan nou wè koze jijman Donald Trump k ap pale nan Washington nan
Nouvèl:
-Endividi yo pa rive idantifye rive sasinen yon kòmandan Iranyen Abdolhossein Mojaddami nan yon anbiskad devan pòt lakay li
-Kandida pou prezidan Etazini Tulsi Gabard anonse l ap asiyen Hillary Clinton pou $50 milyon pou manti li fè pou chache sal karaktè manmzèl epi afekte chans li pou l ta genyen eleksyon an
-Nan kad pinisyon Etazini deside mete sou gouvènman peyi Iran an ak moun k ap sipòte l konpayi medya sosyal yo Facebook, Twitter, Istagram efase plizyè endividi ak gwoup yo santi ki pwòch ak Iran
-KPlim konprann li ka pase lit pèp Ayisyen an nan betiz
-"Coronavirus" la kontinye ap bay gwo traka nan peyi Lachin epi sa rive lakòz gouvènman atravè mond lan ap pran prekosyon pou pwoteje popilasyon yo
Liy ouvè ak oditè yo
-Hillary Clinton atake Bernie Sanders pou chache bloke kanpay li a nan wout
-Gouvènman Bolsonaro a nan Brezil ap chache fèmen bouch jounalis Glen Greenwald
-Se nan mwa Janvye a la tribinal nan Angletè ap koumanse pwosè pou konnen si y ap voye Julian Assange bay Etazini
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI demen 3pm:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan