Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou deside kanpe segman Vandredi Anba Tonnèl la ki te konn pase chak lendi nan emisyon an
Nou jete dlo pou pèp Ayisyen nan 4 kwen peyi a k ap bouske chimen liberasyon zansèt nou yo te trase a
Mèsi Papa Desalin - Moriso Lewa
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA k ap fèt 3è pou 5è mèkredi 21 septanm devan biwo State Senator Kevin Parker ki mande yon entèvansyon militè etranje nan peyi d Ayiti
Demach Prezidan Dominiken an Luis Abinader pou l fè kòb sou tèt Ayiti epi abouti nan yon okipasyon militè peyi nou
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altgracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Siklòn Fiona sakaje Pòtoriko; frape zòn lès Repiblik Dominikèn anvan yo prevwa l apral pran wout pou rès karayib la
-Ti komik ki rele tèt li minis jistis peyi a anonse leta pral arete epi jije tout moun k ap fè "dezòd" nan peyi a
-Ayibopost pibliye yon atik sou Fondasyon prince Charles ki vin wa kounyè a kote msye ta manje 295 mil dola vèt pou travay ki ta dwe refè anba lavil Pòtoprens
Liy ouvè ak oditè yo