Emisyon 4 Je kontre se yon pwodiksyon SAKS ki analize aktyalite yo nan nivo politik, ekonomik, sosyal ak kiltirèl nan gade ansanm ki kote nou ye epi ki chimen pou n pran pou n vanse.
Kolektif Kont Ranson se envite nan emisyon 4 Je Kontre semèn sa a ki mobilize pou make 200 lane depi peyi Lafrans de fè dappiyanp sou 150 milyon fran nan men Ayiti poutèt viktwa batay endepandans lan.
Emisyon 4 Je Kontre pase sou diferan radyo kominotè ak radyo prive nan peyi d Ayiti, ou ka li tèks atik nou yo tou nan www.saks-haiti.org