Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 6 septanm 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Nou swete demwazèl kay la Agathina Nozy "Bòn Fèt"
Nou salye frè nou Raymond Dugué ak fanmi li, nan wikenn nan li te genyen sèvis pou make 2yèm anivèsè travèse ti frè li Jean Claude Dugué
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Nou jete dlo, rele Ayibobo pou Vanyan Robert Mugabe, ansyen prezidan peyi Zimbabwe ki fè travèse li nan laj 95 lannen
Nou salye frè nou Fritzner Pierre ki nan stidyo a ak nou
Ti refleksyon nou sou sè ak frè nou yo ki viktim nan siklòn Dorian nan Bahamas ak reyalite peyi nou k ap ankouraje Ayisyen kite peyi a al chache lavi lòt kote