Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl 19 avril 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Yon lòt fwa ankò nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou sè nou Fabienne ki te pèdi tonton li Msye Alphonse Jean-Bart, lantèman an fèt jedi pase
Ti rapò sou rankont nou te fè ak sè nou Ana Maria Belique ki te nan zòn NY la
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Nouvèl
-Jodi a se jou 193 peyi k manm Nasyonzini yo selebre planèt tè a
-Komedi k rele lajistis nan peyi nou blanchi blanchi blanchisè lajan Jovenel Moise kòmkwa 14 kanè bank yo pa ta reprezante anyen dwòl
-Lendi pase 15 avril la se te dat pou moun k ap viv Ozetazin ranpli fòmilè enpo yo bay leta
Ti refleksyon nou sou eleksyon espesyal la k ap fèt nan 45yèm distrik nan Brooklyn nan pou ranplase Jumaane Williams
Anons