Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Emisyon Eritye Papa Desalin jete dlo pou fanmi nou yo nan òganizasyon Tèt Kole Ti Peyizan. 23 jiyè ki sot pase a fè 29 lannen depi grandon, leta restavèk Namphy a, ansanm ak wograde nan legliz katolik te konplote pou sasinen peyizan nan Janrabèl. Nou pase vwa Pè Jean Marie Viincent nan entèvyou li ak Michelle Montas nan Radio Haiti.
Ranmase ansanm ak frè nou Fritzner Pierre sou patisipasyon KOMOKODA nan manif kont Hillary Clinton yo nan Konvansyon Pati Demokrat la
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki pale ansanm ak Ana Maria Belique ki se yonn nan responsab nan òganizasyon Reconoci.do
Konbit pou KOMOKODA pou n ankouraje kominote a retounen Philadelphia ak nou demen jedi a.