Manif KOMOKODA devan Konsila Kenya nan NY madi 19 desanm 2023; Selebrasyon fen ane KOMOKODA samdi 16 desanm 2023; Repòtaj Kay Vwazen Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou fèt fen ane KOMOKODA samdi 16 desanm 2023, 5PM
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Kenya nan NY madi 19 desanm 2023, 11am-2pm
Oto a pa rete - Felix Morisseau Leroy
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Dènye nouvèl sou jenosid Izrayèl ap fè sou pèp Palestinyen an nan Gaza
-Gwo bank Etazini yo voye notifye leta yo pral fèman 64 diferan branch bank yo nan peyi a
-Pati Demokrat la ouvè deba a piblikman pou ranplasan Joe Biden
-BINUH mete rapò li deyò pou montre jan sitiyasyon sekirite Ayiti fin kraze nèt; Yo di fòk Kenya ta debake prese prese
-Inondasyon "El Niño" frape Kenya, Etyopi, ak Somali; Plizyè santèn moun mouri epi plizyè milye lòt pèdi kay yo
-Plis pase 800 Ayisyen k fèk vini Etazini pran nan yon malatchong nan Columbus, OH
Nou jete dlo pou jounalis yo ki te viktim 28 novanm 1980; 3 jèn Gonayiv yo: Jean Robert Cius, Mackenson Michel, ak Daniel Israel ki te tonbe 28 novanm 1985; epi viktim masak Riyèl Vayan yo 29 novanm 1987
Liy ouvè ak oditè yo
Anons