Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou swete sè nou Marie Felix yon Bòn Fèt!
Nou wè yon enfòmasyon ki di atis, ekriven Franketienne fè travèse li
Jodi a Meriken Nwa yo make "Black Solidarity Day"; yon jou fanmi sa yo mande pou tout moun Nwa fè yon jounen absans nan biznis sosyete a
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 29 oktòb 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent; Konbit Vandredi Anba Tonnèl pou n ranmase $100,000 pou ede kèk fanmi k te viktim nan Goudougoudou Gransid la rebati kay yo
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines ki nan peyi Kiba epi ak frè nou Hilario Batista ki se responsab Depatman Kreyòl Radyo Laavàn Kiba epi responsab òganizasyon Bannzil Kreyòl Kiba
Nouvèl:
-Fanmi Franketienne anonse koze lanmò a se rimè, msye la toujou
-Ti komik blan an mete kòm Premye Minis Ayiti a fè yo gwo diskou epi, epi, Anyen!
-Nouvo chèf lapolis epi kidnaping ak ensekirite a kontinye ap vale teren
-Gwo dilèm pou Meriken nan dosye blan 400 Mawozo kidnape yo
-Jounal "Le Nouvelliste" anonse se DCPJ k ap negosye kidnaping blan yo men Ariel Henry di leta l ap dirije a pa p negosye ak gang
-Jounal "Haitian Times" pibliye yon Op-Ed Brian Nichols, gwo bwa blan nwa nan Depatman Deta
Liy ouvè ak oditè yo
Anons