Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Selebrasyon Jounen Entènasyonal Kreyòl jodi a; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Refleksyon frè nou Jean Paul Spence; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Chans pou peyi nou siklòn Melissa pa rive fè gwo gwo dega lakay nou; Li kite Ayiti kategori 4 epi ateri kòm yon siklòn kategori 5 nan Jamayik
Konbit pou selebrasyon Eritye Papa Desalin ap fè pou Jounen Entènasyonal Kreyòl jodi a
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Jodi a se anivèsè nesans Altagracia, nou swete li Sante, Sante, Sante
Ti koze sou posibilite èd "SNAP/food stamps" leta federal bay moun ki nan nesesite isit Ozetazini kapab kanpe nan plizyè eta apati mwa demen samdi Premye novanm nan
Refleksyon frè nou Jean Paul Spence sou enpòtans pou dyaspora Etazini ak Kanada pa konprann sa pi bon pase sa l ye a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons