Minis gouvènman tchoul restavèk Garry Conille yo pibliye nan "Moniteur"; Repòtaj Kay Vwazen Kiba; Nouvèl; Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Kenya nan New York la Vandredi 14 jen 2024, 11am pou 2pm; Liy ouvè ak oditè yo ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Lis minis yo k ap mache ak Dragon 9 tèt la pibliye nan jounal "Moniteur"
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Batiman lagè Larisi yo rive Kiba; Festival Kiba Kreyòl ap fèt Premye pou 4 out 2024 la
Nouvèl:
-Tèt chaje pou lafanmi Biden ak kondanasyon Hunter Biden nan tribinal federal nan Delaware epi dosye koripsyon ak lòt krim finansye Hunter yo toujou la anba anba
-Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Kenya nan New York la Vandredi 14 jen 2024, 11am pou 2pm
-Houthis yo nan Yemen ap fann bounda Meriken ak tout zanmi Israel yo nan zòn Lamè Wouj la
Liy ouvè ak oditè yo
Anons