Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
KOMOKODA ap patisipe nan Jounen Solidarite Entènasyonal ak Ayiti lendi 29 mas 2021: N ap manifeste devan Misyon Etazini nan LONI, Midi pou 3PM
Nou bay lis fanmi k ap chache kay pou lwe ak kay pou vann ak fanmi k genyen kay pou lwe epi pou vann
Segman Zafè Kay ak sè nou Michelle ki nan Flatbush nan Brooklyn nan
Nouvèl:
-Gwo nouvèl Ozetazini jodi a se atak ak zam fann fwa yon jèn gason k rele Ahmad Al-Issa fè nan Colorado
-Atak rasis k ap fèt sou moun dorijin Azyatik k ap viv Ozetazini apre Donald Trump ak lòt rasis nan peyi a chache lage responsabilite orijin kowonaviris la sou do Lachin
-Rapò sou rasis ak diskriminasyon k ap fèt nan sistèm tribinal nan eta New York
Refleksyon nou sou asasen vòlè pyon Meriken Reginald "Reggie" Boulos ki soti pou fè Ayisyen pran l pou sovè k ap vin retire nou atè a ak yon mouvman "Twazyèm Vwa"
-Pòt pawòl Mezon Blanch Karine Jean Pierre fè konnen se yon gwo van k t ap vante nan ayewopò Washington nan ki fè Joe Biden te tonbe 3 fwa pandan l t ap monte mach eskalye avyon pou l t al Georgia
-Gouvènmen Meriken an anonse ap genyen yon lòt depozit to tchotcho "stimulus" la k ap fèt demen epi yo panko mete pou moun ki resevwa Social Security epi k pa ranpli enpo yo
-Dr. William Pape fè je l chèch pou l mande Ayisyen aliyen yo pou y al pran vaksen kovid la malgre pwòp chif gouvènman restavèk la di se 251 moun ki mouri akoz maladi sila a nan peyi a
Liy ouvè ak oditè yo
KOMOKODA ap patisipe nan Jounen Solidarite Entènasyonal ak Ayiti lendi 29 mas 2021: N ap manifeste devan Misyon Etazini nan LONI, Midi pou 3PM
Anbasad Meriken dekrete Fantòm 509 yon òganizasyon kriminèl teworis apre ensidan kote yo di gwoup sila a te bloke otobis ekip foutbòl peyi Beliz ki rantre nan peyi a yè pou yon match entènasyonal