Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA jedi 28 jiyè 2022 devan katye jeneral Citi Bank pou n make 107yèm anivèsè okipasyon Meriken 1915 lan
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 22 jiyè 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Ti nouvèl sou dosye dola senkant ak 5 santim chak minit la
-Yè dimanch maten an yon batiman kanntè koule nan dlo peyi Bahamas, 17 Ayisyen pèdi lavi a
-Asasen kriminèl nan 400 Mawozo rantre anndan yon legliz nan Kwadèboukè epi yo tire Enspektè lapolis Reginald Laleau; Chèf 400 Mawozo Lanmò San Jou
-Avoka Samir Handal nan peyi Latiki di depi 4 jiyè tribinal peyi sila a òdone liberasyon Handal men jiskounyè a msye nan prizon toujou
-Komisyon nan Chanm Depite Meriken an k ap envestige sou 6 janvye 2021 a te mande tout mesaj tèks Sèvis Sekrè Meriken ki t ap travay nan Mezon Blanch lan; Ajans sila a di mesaj sa yo pa la ankò
-Diplis sou diskou Vladimir Putin mèkredi pase a kote li te pale sou modèl devlopman loksidan an se jenosid, esklavaj, vòl, ak piyaj resous lòt peyi
Nou pase pèfòmans "Men Peralt" frè nou defen Tòtòf te fè
Ti koze ak konpatriyòt Origene Louis ki se responsab nan òganizasyon Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen sou 35yèm anivèsè masak Janrabèl la ak reyilte peyi a jodi a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons