Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou ankouraje sipòtè Radio Omega yo kouri vin pran tikè yo pou gwo fèt radyo a ap fè samdi pwochen
Konbit pelerinaj pou kominote a monte Plymouth, Massachussetts jedi 28 novanm, jou "Thanksgiving" nan pou n al pote solidarite n ak endijèn yo ki make li kòm "Jounen Nasyonal Dèy"
Ti koze ak frè nou Jafrikayiti sou mobilizasyon k ap fèt nan Kanada pou kore pèp Ayisyen an ki kanpe sou pye militè li jounen jodi a
Nou ankouraje fanmi ki nan 45yèm district nan Brooklyn nan ki pral vote demen pou yo jete yon bilten pou Anthony Beckford; Se pou moun ki swe pou nou pou n chanje chemiz
Ti koze ak sè nou Bayyinah Bello sou nouvo liv li ki rele "Sheroes of the Haitian Revolution" epi sou selebrasyon Fondasyon Felisite te fè pou make 261yèm anivèsè nesans Lanperè 20 septanm ki sot pase a
Nouvèl:
-Jacqueline "Jackie" Charles nan Miami Herald monte sou twitter pou fè pèp Ayisyen an konprann elikoptè militè Meriken k ap virewon nan peyi a se pa elikoptè militè yo ye epi sòlda Meriken yo pa sòlda Meriken
-12 jij ki aktyèlman nan tribinal kasasyon an rive nan plas yo soti 2011 pou rive 2019; tout se pitit PHTK yo ye
-Nan mitan mobilizasyon pèp la avoka Newton St. Juste chanje fizi l zepòl, siyen kontra ak Jovenel pou l bay lamizè do
Anons