Nou li lèt yon sitwayen Kenya ki mande pèp Ayisyen an padon davans pou asasen, vòlè, kadejakè yo Ruto voye lakay nou yo; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou tradui lèt yon sitwayen Kenya ekri pèp Ayisyen an pou l di nou ki kalite asasen, vòlè, kadejakè, sovaj polisye Kenya a ye epi l eskize l davans pou sa yo pral fè lakay nou; Li di nou se pa pèp Kenya ki voye yo men se yon tchoul restavèk ki rele William Ruto ak patwon li Joe Biden
Nouvèl:
-Yon tantativ Koudeta nan Bolivi echwe; Gouvènman an arete lotè yo
-Deklarasyon 2 lejislatè Repibliken Depite McCaul ak Senatè Risch ki denonse okipasyon Kenya Ayiti a
-Anvan yo kite Kenya William Ruto lapriyè ak sòlda li yo epi l di se bondje limenm ki te rezève ti djòb sa a pou Kenya
Liy ouvè ak oditè yo
Anons