Repòtaj Kay Vwazen Kiba ak frè nou Hilario Batista: Mobilizasyon nan Kiba epi atravè mond lan pou make 7 lannen depi lantèman Fidel; Nouvèl; Liy ouvè ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou fèt fen ane KOMOKODA samdi 16 desanm 2023, 5PM
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Kenya nan NY madi 19 desanm 2023, 11am-2pm
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista: Mobilizasyon anndan Kiba epi atravè mond lan pou make 7 lannen depi travèse Vanyan Fidel Castro
Nouvèl:
-Pawòl 100 milya dola vèt, vin tounen 60 milya epi finalman se 175 milyon ki ateri; Volodimir Zelensky fè kòlè epi l di Meriken ale yo lanmèd
-Putin ap virewon nan mwayennoryan an
-Yon tribinal nan peyi Iran deside mete yon amand 50 milya dola pou sasinay Jeneral Soleimani
-Gouvènman Meriken an anonse l ap sanksyone "settler" Juif ki atake Palestinyen yo anndan sa yo rele teritwa okipe yo
-Gouvènman Meriken an mennen yon dezyèm delegasyon Kenya vini Ayiti
-Toutè DEA Joseph Vincent plede koupab nan Miami nan dosye sasinay Jovenel Moise la
-CBP Meriken bloke yon ti batiman kanntè ak 54 Dominiken epi 9 Ayisyen ki t ap soti Repiblik Dominikèn pou yo eseye rantre Pòtoriko
-Gouvènman Meriken an arete pwòp diplomat yo Manuel Rocha yo di ki t ap fè espyonaj pou peyi Kiba pandan 40 lannen
Liy ouvè ak oditè yo
Anons