Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou jete dlo pou 2 Vanyan ki genyen anivèsè nesans yo 19 me:
-lidè peyi Vyetnam Ho Chi Minh (1890)
-lidè Meriken Nwa Malcolm X (1925)
Nouvèl:
-Moun yo pa rive idantifye mete dife nan yon sant pou trete kovid-19 la nan Jakmèl; Nou konekte sa ak vyolans ki fèt akoz menm inyorans lan nan lòt peyi akoz maladi
-Etazini menase koupe tout sipò li te konn bay Òganizasyon Mondyal Lasante si nan 30 jou yo pa mache jan li vle a
-Peyi Ostrali mande pou ankèt ta fèt pou detèmine responsabilite Lachin nan koze Kowona a; 120 peyi ta di yo dakò ak pwopozisyon an
-Yon teworis Meriken sèvi ak yon mitrayèt AK-47 pou l tire 32 bal sou Anbasad peyi Kibe nan Washington
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Ti koze ak ti frè nou Sanba Kebert Bastien k ap prezante nou chante li ki rele "Se Vòlò w ye" bay oditè yo
Anons