Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou ankouraje yo sipòte emisyon an
Nou jete dlo pou Vanyan Malcolm X; Jodi a fè 58 lannen depi asasen ki nan mare sosis ak leta Etazini te koupe souf li; Nou pase yon ti moso nan diskou Malcolm "The ballot or the bullet" ki te fèt 12 avril 1964 nan Detroit, MI
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Kanada jedi 9 mas 2023, 3pm-6pm
Nouvèl:
-Vwayaj "sekrè" Joe Biden nan Kyèv; Egzamen medikal paske Preyidan Meriken an bay siy yon moun k ap rantre nan entatad
-Etan Siri ap jere tranblemanntè a Izrayèl l atake Damaskis, kapital peyi a
-Rapò reyinyon CARICOM ki fèt semèn pase nan Bahamas la; Justin Trudeau ap pase egare nan betiz
-Gadkot Meriken estope yon batiman kanntè 300 Ayisyen ki te nan wout pou Miyami
-Istwa lafanmi Patel, manman, papa ak 2 pitit ki mouri friz nan yon tanpèt nèj sou fwontyè Kanada ak Etazini
Liy ouvè ak oditè yo
Anons