Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Kouraj pou tout fanmi nan kominote a epi tout kote yo ye Covid-19 la pote lanmò nan papòt yo; Trump atake alatèt Òganizasyon Mondyal Lasante ki mande kolaborasyon gwo peyi lasyans yo pou konbat Covid-19 la
Ti koze (an Angle) ak militan Kanadyen Alison Bodine sou sipò peyi Kiba pote pou mond lan nan kalamite Covid-19 la
Ti koze (an Angle) ak Depite Eta New York Charles Barron sou nòt pou laprès limenm ak madanm li Konseye Vil New York Inez Barron mete deyò pou lonje dwèt sou fason se plis Nwa ak Panyòl k ap pèdi lavi yo Ozetazini nan kalamite Covid-19 la
Pwezi Georges Castera - Lè w ri
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué sou chif Covid-19 yo
Nouvèl:
-Tantativ sasinay sou konpatriyòt Matyas Dandor nan Santo Domingo
-Bernie Sanders anonse l ap kanpe kanpay li pou l ta vin kandida Pati Demokrat la pou l ta al twoke kòn ak Donald Trump; joe Biden rete sèl kòk chante
-Otorite lavil New York yo anonse yo pral ajoute moun ki mouri lakay yo ak sentòm Covid-19 nan lis viktim Covid-19 yo
-Prezidan Venezyela a Nicolas Maduro ekri yon lèt toulouvri bay pèp Meriken an pou l di yo pou yo tire zòrèy gouvènman yo
-Ayè Madi a Etazini depòte 68 Ayisyen voye yo tounen nan peyi Dayiti
Liy ouvè ak oditè yo
Anons