Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Deklarasyon 4 out 2020 KOMOKODA
Nouvèl:
-Yon tranblemanntè 7.1 frape vil Mexico City vè 9è yè swa; Jiskaprezan se yon sèl moun yo jwenn ki mouri
-Ansyen prezidan restavèk Afghanistan an Ashraf Ghani mete yon deklarasyon deyò pou di li pa vòlè; li pa kouri kite peyi a ak lajan jan bri ap kouri a
Frè nou Fritzner Pierre vin jwenn nou
-Jodi a ti komik blan an deside ki Premye Minis Ayiti a, Ariel Henry, anonse referanndòm pou konstitisyon Meriken-Core Group-Jovenel Moise la ap fèt ansanm ak eleksyon pike kole yo a
Liy ouvè ak oditè yo
-Komisyon ap twoke kòn ak komisyon pou yo wè kilès k ap ranmase plis siyati
-Yon oditè mande nou pale sou pwogram "FCC Emergency Broadband" nan k ap pèmèt fanmi Ozetazini ki kalifye jwenn $50 chak mwa nan men leta pou yo peye bil entènèt yo
-Nou li lis 108 pati politik Konsèy Elektoral Pwovizwa Jovenel Moise la pibliye kòmkwa yo apwouve pou yo patisipe nan eleksyon
Liy ouvè ak odtè yo