Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ayibobo pou fanmi yo nan zòn New Jersey ak New York ki te mobilize kont prezans Martelly nan zòn nan pandan wikenn nan
Frè nou Fritzner Pierre salye oditè yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl 14 jen 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Nouvèl:
-Ansyen responsab LONI Edmund Mulet ki t ap koupe rache nan peyi d Ayiti te kandida alaprezidans nan eleksyon Guatemala yè dimanch la
-Mohamed Morsi ki se prezidan lejitim peyi Ejip menm lè li ap koupi nan prizon depi koudeta Jeneral Sisi an jiyè 2013 la mouri pandan l te nan tribinal jodi a
-Anbasadè Ajantin nan peyi d Ayiti pèdi djòb li apre juif mande anraje pou tèt msye idantifye tèt li nan yon mesaj nan entènèt la kòm pitit yon ofisye Nazi
Liy ouvè ak oditè yo
Nou fini emisyon an ak son manifestasyon KOMOKODA devan restoran Meli Melo kote Martelly t ap fè bal