Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou 32yèm Seremoni Bwa Kayiman Fanmi Granbwa ap òganize nan Prospect Park nan Brooklyn nan samdi 13 out k ap vini an
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA anonse pou mèkredi 31 out 2022, 3pm-6pm, kont Etazini ak Nasyonzini pou denonse politik yo ki lakòz jenosid, lamizè, ak ekzòd nan peyi nou
Nou ankouraje oditè yo pou sipòte emisyon Eritye Papa Desalin
Nouvèl:
-Etazini menase peyi Afriken k ap achte pwodui nan men Larisi y ap sibi sanksyon
-Lasiri akize Etazini ap vòlè 80% luil li, yon valè 105 milya dola vèt, depi lagè nan peyi sila a ap bouyi
-Pierre Esperance, Steven Benoit denonse OEA ki fè je l chèch pou l ap fè Ayiti laleson
-Jij federal mande detay sou desantdelye lakay Trump la; Pati Repibliken an denonse sa k bande alaryè dèyè Trump
-Donald Trump parèt devan komisyon envestigasyon koripsyon Attorney General NY la Letitia James, li bay non li epi li refize reponn okenn lòt kesyon
Liy ouvè ak oditè yo