Nan Memwa Pierre Michel Chéry, yon batayè konsekan pou demokrasi, yon eritye Vilokan ki travèse .
Dan ayisyen ap ri masuife yap monte nan Pwezi, chante, dans, ak blag yap bay. Yo tout ansanm tounen yon gwo tchaka kap manbre rezistans ayisyen pou yon Ayiti Anpenpan. Konsa, barikad ki separe pèp Ayisyen ak mizè, gang ame plis kidnapin se nan nanm, konsyans, ak memwa nou kòm pèp li chita . Sepousasa, mannigans rans kap fèt pou remete Ayisyen nan chenn oswa jennen wout li sou chimen demokrasi ak pwogrè se byen konte, mal kallite . Ayisyen se chanpyon batay libète nan nanm yo, rèv yo ak pwojè yo pou peyi yo.