Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Remèsiman pou tout fanmi nou yo k ap koute emisyon Eritye Papa Desalin anndan kou deyò peyi nou
Refleksyon nou sou gwo dat 16 desanm 1990 la 29 lannen apre
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 13 desanm 2019 la
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ayibobo pou fanmi ki te manifeste ansanm ak KOMOKODA jedi 12 desanm nan devan Misyon Etazini nan LONI epi nou kase randevou pou 3pm-6pm Jedi 19 desanm 2019:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Nouvèl:
-Apre yon vwayaj pou sante nan Kiba Evo ale Ajantin jedi pase a pou l rete la kòm yon refijye annatandan l retounen lakay li nan Bolivi; Ajantin gen fwontyè ak Bolivi; 10 desanm "Lagoch" repran pouvwa laba a; Pandanstan gouvènman koudeta nan Bolivi di l ap prepare eleksyon epi Evo pa gen dwa kandida; y ap prepare yon manda pou arete l
-Manifestasyon Bahamyen rasis devan Anbasad Ayiti nan Bahamas
-Apati jodi a imigran ki pa gen estati legal Ozetazini ap kapab aplike pou lisans pou yo kondi machin nan NYS
-Pandan Etazini ak Core Group la ap bay pèp Ayisyen an lokipasyon kouri dèyè yon ti restavèk, y ap ede Repiblib dominikèn ansèkle peyi nou ak baz militè, yo sou sizyèm baz yo mete kanpe sou fwontyè a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons