Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud ak Fritzner
Ti klarifikasyon sou dekrè Gouvènè New York la Andrew Cuomo ki entèdi tout rasanbleman jiska nouvèlòd; Yon òganizasyon avoka asiyen Gouvènè a dèske li ta vle pèmèt yon kategori gwoup limite rankontre pandan l kontinye ap bloke lòt gwoup
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué ki se yon responsab nan enstitisyon FACA-ROC k ap selebre twazyèm anivèsè yo jodi a
Ti koze ak frè nou militan Ayisyen nan Montréal Frantz André sou sitiyasyon fanmi nou yo ki pa gen papye nan Canada
Nouvèl:
-Yon lòt fwa ankò ti vòlè blan an mete opouvwa lakay nou yo lage gwoup san manman al tire rache bloule Ayisyen nan katye popilè yo
-Reprezantan Meriken nan Nasyonzini an Kelly Craft bloke yon pwopozisyon rezolisyon Larisi ak Lachin pou kondane tantativ atak teworis mèsenè sou Venezyela a
-Bravo pou Iran ak sipò Lachin ak Larisi ki pote gazolin pou ede pèp Venezyelyen an
-Gouvènè Cuomo siyen dekrè pou anpeche fanmi moun ki mouri nan "nursing home" pandan sezon kovid-19 la asiyen biznis sila yo pou neglijans
Liy ouvè ak oditè yo
Anons