Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou 32yèm Seremoni Bwa Kayiman Fanmi Granbwa ap òganize nan Prospect Park nan Brooklyn nan samdi 13 out k ap vini an
Remèsiman pou fanmi ki te bay kontribisyon yo nan konbit nou te fè semèn pase pou emisyon an
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 5 out 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Refleksyon nou nan kad 77yèm anivèsè jenosid Meriken te fè 6 out ak 9 out 1945 kote yo te lage bonb atomik sou Iwochima ak Nagasaki ki lakòz lanmò prèske yon milyon moun; zak ki touye plis moun yon sèl kou nan listwa moun ke nou konnen
Nouvèl:
-Gwo eksplozyon nan espas kote yo stoke luil nan Matanzas nan Kiba
-Yè dimanch 7 out la peyi Kolonbi selebre 203yèm anivèsè nesans peyi a epi inogirasyon Prezidan Gustavo Petro ak Vis Prezidan Francia Marquez
-Izrayèl fè 3 jou l ap bonbade Gaza; Palestinyen yo ap defann tèt yo jan yo konnen, jan yo kapab
-Tribinal nan Larisi kondane jwè baskètbòl Brittney Griner pou l pase 9 lannen nan prizon dèske l te rantre nan peyi a ak dwòg nan malèt li; Gen yon mouvman k ap mande pou Larisi ta ofri Meriken Griner ann echanj pou Julian Assange
-Popilasyon nan Kongo kontinye mobilizasyon yo pou yo mete misyon Nasyonzini ki rele MONUSCO a deyò nan peyi yo
Liy ouvè ak oditè yo
Plis nouvèl:
-Lapolis Ayiti fè konnen se ta Gang Ti Makak ki ta touye ansyen senatè Lavalas Yvon Buisreth ak neve madanm li ki t ap kondi machin nan nan Laboul 12 epi mete dife nan machin nan
-Bank Mondyal lage 66 milyon dola vèt nan men Ariel Henry pou l kontinye fè sa l ap fè a jan l ap fè l la
-Kore Dinò ofri Larisi 100,000 sòlda kòm volontè si l ta bezwen yo
-Sou vizit Nancy Pelosi nan Taiwan nan
-Attorney General nan Colorado anonse yo enkilpe yon Ayisyen ki rele Peniel Olibris ki dèske l ta voye zam nan peyi D Ayiti
-Samir Handal ki te nan prizon nan peyi Tiki finalman rantre lakay li Ozetazini
Anons