Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ane sa a, akoz kowonaviris la, nou pa p òganize otobis pou ale nan pelerinaj anyèl "Jounen Nasyonal Dèy" fanmi Endijèn yo òganize nan Plymouth, MA
2 ti mo sou rezon ki fè plizyè peyi ki granmoun tèt yo tankou Lachin ak Larisi panko voye konplimante Biden apre rezilta laprès bay samdi k sot pase a
Pandan Gouvènman ti komik Ayiti a kenbe se 63 goud ki ta dwe boukante pou yon dola Meriken, si w bezwen dola ann Ayiti se nan lari a pou w al achte l epi ou bije bay 80 goud pou dola a
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 6 novanm 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Nou salye frè nou Celome Jean Pierre ki pèdi madanm li, Madam Erene Jean Pierre
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak sè nou Ninaj Raoul sou manifestasyon yo te òganize yè pou resevwa otobis National TPS Alliance lan ki te pase nan Brooklyn nan pandan y ap fè wonn peyi Etazini; Nou pase entèvyou nou te fè ak William Martinez ki se yonn nan fanmi nan bis la ki soti El Salvador
Lantèman Gregory St Hilaire chante samdi a nan Wanament
Ti vòlè Jovenel Moise di l ap tann tout dyaspora pou vin fete fèt fen lannen an lakay yo pou yo pote dola nan peyi a
Gwo Bravo pou Premye Minis Sen Vensan ak Grenadin nan Ralph Gonsalves ki pran yon 5yèm manda Jedi k sot pase a
Refleksyon nou sou sa k soti jiskaprezan nan eleksyon Etazini ki fèt madi pase a
Liy ouvè ak oditè yo