Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Beton an cho nan 4 kwen peyi a
Konbit pou emisyon an epi remèsiman pou sa k deja fè men kontre a ak nou
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Dènye nouvèl sou mobilizasyon yo lakay
-Ansyen anbasadè Ayiti nan Repiblik Dominikèn Paul Arcelin, kavalye pòlka Guy Philippe, di li pa wè pou ki sa moun pran yo sezi wè non Claude Joseph nan lis moun k ap kore gang nan peyi a
-Gwo chabrak bò isit yo fè konnen rapò ki soti yè sou wotè enflasyon an te rive nan mwa Out la lakòb 93 milya dola vèt fonn tankou bè nan "stock market" nan peyi a
-Pou n reponn oditris ki mande sa nou di sou dosye larèn k al bwa chat semèn pase a
Liy ouvè ak oditè yo