Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Remèsiman, rapò, ak son Jounen Nasyonal Dèy la; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Kokenn trajedi nan Orange, NJ kote ansyen etidyan Stony Brook, manm HSO Poojanee "PJ" Fleury ak gran sè li Frantzia Fleury mouri nan yon dife lakay yo jedi 27 novanm ki sot pase a
Nou salye epi remèsye tout fanmi yo ki te ale oswa ki te bay kontribisyon yo pou sipòte pelerinaj nou nan 56yèm Jounen Nasyonal Dèy la nan Plymouth, Massachussetts
Nou pase mesaj Dahoud nan aktivite a (li ann Angle)
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Militan mouvman liberasyon Nwa Meriken Jamil al-Amin (H. Rap Brown) fè travèse li dimanch 23 novanm ki sot pase a nan laj 82 lannen; Nou pase adaptasyon "Last Poets" sou liv fanmi an "Die Nigga, Die"
Nou jete dlo pou Jean Robert Cius, Daniel Israel, ak Mackenson Michel, 3 jèn Gonayiv yo; sasinay yo 28 novanm 1985 te sèvi gazolin nan mobilizasyon ki te voye Jean Claude Duvalier ale
Nou sonje masak Riyèl Vayan an epi n jete dlo pou viktim yo; San yo pa p janm efase nan men Namphy, Regala, ak Leslie Manigat
Nouvèl:
-Trump deside li pa p renouvle TPS pou Ayisyen
-lavèy eleksyon nan Honduras Trump anonse l apral bay ansyen prezidan Honduras la: Juan Orlando Hernandez yon ekzonerasyon total pandan l ap sasinen Venezyelyen inosan
-Lapolis Dominiken lage Jean Max Louissaint, manm gang teworis Viv Ansanm lapolis Ayiti te mete manda kont li arete pou asosyasyon malfektè
-Gwo Moso ap mennen gwo mannèv tòde ponyèt pou l fini ak lagè Ikrèn nan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Konbit pou sipò fen ane a