Segman Imigrasyon ak Frantz Andre sou pwogram rezidans Kanada a; Manif devan Konsila Kenya demen; Fèt 13 an Radio Omega SCA a samdi; Rezilta Eleksyon nan Liberia ak Ekwatè; Rapò Nasyonzini sou Ayiti...
******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA pral fè Vandredi 20 oktòb devan konsila peyi Kenya nan NY
Konbit pou n jwenn mèt 8 tikè fèt 13yèm anivèsè Radio Omega k rete nan men n yo
Ti koze ak frè nou Frantz Andre nan Kanada sou pwogram "humanitarian parole" Kanada anonse pou bay 15,000 Kolonbyen, Ayisyen, ak Venezyelyen san papye kigen fanmi pwòch yo nan peyi a rezidans pèmanan; Nou pale tou sou mobilizasyon Solidarite Quebec-Haiti te patisipe nan Ottawa pou manifeste kont Justin Trudeau ak ti restavèk CARICOM yo
Nouvèl:
-Rezilta eleksyon nan peyi Liberia a soti; Prezidan an George Weah pral nan 2yèm tou
-Yon nouvo prezidan eli nan peyi Ekwatè
-Rapò ekspè Nasyonzini sou peyi Dayiti a pran lari
Liy ouvè ak oditè yo
Anons