Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Konbit pou pelerinaj 52yèm Jounen Nasyonal Dèy nan solidarite ak fanmi endijèn yo
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Jij Federal Ozetazini kapote desizyon Gouvènman Biden nan pou l te ekzije anplwaye tout gwo biznis nan peyi a ki anplwaye plis pase 100 moun ta pran vaksen Kovid
-Pitit Malcolm X, Malika Shabazz fè travèse li lakay li nan zòn Midwood nan Brooklyn nan
-Enfòmasyon soti pou di gang 400 Mawozo ta lage 2 nan 17 blan yo te kidnape yo paske yo te malad
-Gwo viktwa pati Nicolas Maduro a, Sosyalis Inifye nan Venezyela, nan eleksyon ki fèt dimanch lan nan Venezyela
-Martine Moise mande yon otopsi pou detèmine nan ki kondisyon Gilbert Dragon bizawèl Michel Martelly ki te nan prizon pou sasinay Jovenel Moise mouri
-Sekretè Deta Meriken an Anthony Blinken ap vizite kontinan Afriken an pou l chache mete baton nan wou Lachin k ap vale teren; Li di yo pran prekosyon ak gwo peyi k ap vin ofri yo prete lajan pou chache domine yo
-Pati Sandinis la pote boure nan eleksyon 7 novanm yo: Daniel Ortega pase pou yon katriyèm manda; OEA fache, kondane eleksyon an epi Nikaragwa anonse li tou wete kò l nan òganizasyon restavèk sila a
-Gouvènman Etazini fè bak sou desizyon yo te anonse ke y ap revoke tout sòlda nan lame ki pa pran vaksen anvan 15 desanm k ap vini an
-NY Assemblywoman Maritza Davila ak plizyè lòt politisyen nan NY la mande pou Edu Hermelyn ak madanm li Rodneyse Bichotte ta demisyone nan wòl y ap jwe alatèt Pati Demokrat Brooklyn nan
Refleksyon nou sou koze estasyon tren "Newkirk Avenue" sou Nostrand nan ki ta vin tounen estasyon "Little Haiti" ak yon bout nan Flatbush Avenue soti Empire Blvd ak Foster Avenue ki ta vin tounen "Jean Baptiste Point du Sable" Blvd.
Liy ouvè ak oditè yo
Anons