Ki pwoblèm KOMOKODA ak pwojè Kenya a; Liy ouvè ak oditè yo; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Konbit pou radyoton Radio Omega SCA: Jodi a se dènye jou radyoton an
Dragon 7 tèt la anonse Edgar Leblanc Fils kòm prezidan epi Fritz Belizaire kòm premye minis san yo pa menm vote
Deklarasyon 26 mas KOMOKODA a
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA nan Washington jedi 23 me 2024 pou n al denonse tchoul restavèk William Ruto ak madanm li k ap vini Washington ak mèt ke li
Apre Gregory Meeks ki mande pou William Ruto nan pale devan Asanble Nasyonal Meriken an, Majistra Atlanta a Andre Dickens, yon lòt ti tchoul restavèk nwa Meriken anonse li envite Ruto ak madanm li pou vin vizite yo
Refleksyon nou sou okipasyon Meriken degize k ap planifye ak Kenya a ak enpòtans pou pou noumenm Ayisyen ak zanmi Ayiti ki nan dyaspora Etazini an kanpe anfas vizit William Ruto Ozetazini an; Nou adrese rezon Ruto te parèt kòm akize nan tribinal entènasyonal
Liy ouvè ak oditè yo
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl
-Inivèsite Columbia anonse yo anile gwo seremoni gradyasyon yo ki te gen pou fèt mèkredi 15 me a
-Lapolis NY arete yon bann manifestasyon k ap sipòte pèp Palestinyen an ki te pran wout pou Metropolitan Museum of Art nan Manhattan
-Ministè Lasante Ayiti anonse teworis yo fèmen 34 lopital ak sant sante nan depatman lwès la
-Gwo negosyasyon ap bwase nan mitan dragon 7 tèt la sou "prezidans" Edgar Leblanc an ak fason desizyon ap gen pou fèt nan mitan lawon yo
Anons