Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou jete dlo pou jounalis Vanyan Jean Dominique ak gadyen radyo Haiti Inter Jean Claude Louissaint, jodi a fè 23 lannen depi asasen te koupe souf yo
-Nou pase vwa Jean Dominique ki t ap pale sou dosye etanòl nan kleren an nan Leyogàn
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak frè nou Frantz Andre sou nouvo reyalite pou refijye ki parèt pou rantre Kanada nan yon pwen fwontyè ki pa ofisyèl; Rankont "Asanble Popilè" yo; epi manifestasyon yon gwoup Ayisyen nan Kanada te fè yè pou mande Kanada anvayi peyi nou
Nouvèl:
-Komisyon Nasyonzini pou Dwa Moun ap reyini jodi a ak demen epi y ap gen pou fè yon vòt sou dosye Ayiti a
-Donald Trump vin premye prezidan Meriken ki enkilpe pou yon krim; L ap gen pou parèt devan jij nan Manhattan demen madi a
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin