Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA, Midi pou 3pm, jedi 12 janvye 2023 a, devan Fondasyon Clinton nan 1633 Broadway nan Manhattan
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen sou pwogram "Parole" Gouvènman Biden nan anonse pou Ayisyen, Kiben, Nikaragweyen, ak Venezyelyen
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
-Patizan ansyen prezidan Brezil Jair Bolsanaro yo atake epi kraze brize nan palman, palè jistis, ak palè prezidans peyi a pou manifeste kont Lula
-Deblozay pete, 29 moun mouri nan vyolans apre restasyon pitit El Chapo nan Meksik jedi k sot pase a
-Sou 4 jou epi 15yèm vòt la depite Repibliken nan Kalifòni Kevin McCarthy rive monte nan pòs chèf chanm depite Meriken an, yon gwo viktwa pou Donald Trump
-Ministè Defans peyi Larisi anonse yo touye 600 nouvo sòlda peyi Ikrèn ki t ap tann pou yo rantre nan batay
Anons