Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Levanjil Liberasyon ak Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Ti koze ak sè nou Micherline Islanda Aduel sou ensekirite a ak 8 mas la; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou jete dlo pou Vanyan Harriet Tubman; jodi a se 113 lannen depi li janbe
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Apre 10 an Kanada gen yon nouvo premye minis; Se Mark Carney, ansyen responsab Bank Kanada
-Premier Ontario aDoug Ford, kòmkwa Gouvènè nan Kanada anonse taks Meriken nan Michigan, New York, ak Minnesota pral peye pou elektrisite ap monte 25%
-Little Marco anons evalyasyon USAID a fini; gen 18% pwojè yo k ap kontinye anba lòd Depatman Deta
-Nouvo rankont ant Etazini ak Ikrèn nan Arabi Saoudit mèkredi
-Dwòn kamikaz leta yo ta kòmkwa ap panike gang
Bwase lide ak ti sè nou Micherline Islanda Aduel, responsab nan seksyon jèn Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen sou reyalite ensekirite a nan katye gang teworis anvayi yo epi kouman li te viv 8 mas la, Jounen Entènasyonal Fanm
Ayibobo pou Divizyon 431 nan UNIA nan Brooklyn nan ki selebre medam yo nan kad selebrasyon mwa Fanm
Anons