Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
34 lannen apre Masak Riyèl Vayan an, nou jete dlo pou tout viktim yo
Ti refleksyon sou 25 novanm: Jounen Entènasyonal pou Elimine Vyolans k ap fèt sou Fanm
25 novanm ane sa a tou fè 5 lannen depi Vanyan Fidel Castro fè travèse l
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 26 novanm 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Ti diplis Dahoud sou Vandredi Anba Tonnèl Vandredi 26 novanm nan
Remèsiman pou tout fanmi ki te fè pelerinaj Jounen Nasyonal Dèy 2021 an yon siksè epi ti ranmase sou Jounen an
Nouvèl:
-Rezilta ki pibliye jiskaprezan sou eleksyon nan peyi Honduras yo ta montre Xiomara Castro ki se madanm ansyen prezidan Manuel Zelaya ta ranpòte yon gwo viktwa kòm nouvo prezidan peyi a
-Peyi Babad chanje estati li pou l soti anba kontwòl peyi Angletè pou l vin yon repiblik
-Etidyan nan Arizona State University ta revòlte anfas desizyon asasen rasis Kyle Rittenhouse ki te deja enskri kòm etidyan nan lekòl sila a ki deside l ap vin viv sou "Campus" lekòl la
-Pou ki sa tout panik sila a otou varyasyon Kowonaviris la ki rele Omikwonn
-Gouvènman Meksik anonse li siyen yon akò ak refijye k fòme karavàn yo kote l ap ba yon viza Meksiken akondisyon yo dakò rete viv nan peyi sila a
Nou swete pitit gason nou Amadou ki selebre anivèsè nesans li Vandredi a ak ti sè nou Nicole Petit ki selebre anivèsè nesans pa li yè dimanch lan yon Bòn Fèt!
Liy ouvè ak oditè yo