Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou jete dlo pou salye memwa sè nou Sonia Pierre. Jodi a fè 6 lannen depi li fè travèse l
Ranmase sou Vandredi Premye desanm Anba Tonnèl la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Nouvèl:
-Peyi Etazini nan wout pou genyen nouvo lwa taks ki chavire totalman anfavè gran nèg nan peyi a
-Ochan pou ti jennonm Kore Dinò a ki rive konpli misyon ranje kò l pou defann souvrènte peyi li kòmsadwa
-Pèp Honduras la leve kanpe kont Koudeta elektoral Washington ap manniganse a
-Yon ti goudougoudou frape zòn Nòdès Etazini an jedi apremidi
Anons:
-Vandredi Anba Tonnèl pou 8 desanm 2017, 7pm
-Selebrasyon 3 zan KOMOKODA samdi 16 desanm 2017, 8pm