Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Ti refleksyon sou kote dosye Covid-19 (Coronavrius) la ye jodi a nan mond lan epi nan vil NY la; Travayè lasante Ozetazini blije ap fè tout kalite mannèv pou pwoteje tèt yo paske manke gan, mask, pwoteksyon pou zye yo, ak rad apwopriye
Mobilizasyon KOMOKODA nan Manhattan yo kanpe jiskaske leta peyi a relouvri sikilasyon nòmal nan peyi a
Nou remèsye frè nou Pedro pou sipò li voye pou KOMOKODA
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué k ap gade plan 2 trilyon dola Gouvènman Meriken an ap pwopoze pou jouke ekonomi peyi a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons: Mobilizasyon KOMOKODA nan Manhattan yo kanpe jiskaske leta peyi a relouvri sikilasyon nòmal nan peyi a