Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Refleksyon nou sou bouje bouje nou wè ki genyen jodi a nan kominote a parapò ak reyalite Ayiti a
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Gwo represyon sou peyizan nan Pyat yo: Plis pase 40 kay boule epi sasinay avoka Andre Charleus
-Diplis sou dosye dokiman sekrè Pentagon ki pran lari yo; Arestasyon Jack Teixeira; deklarasyon Marjorie Taylor Greene
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-FIFA fè yon vizit chanpwèl ak trofe chanpyona Koup dimond medam yo
-Gouvènman Dominiken an mete entèdi sou 39 lòt politisyen ak bizismann Ayisyen
-Anpil kritik sou akò Gouvènman Meriken an siyen ak Panama ak Kolonbi pou anpeche refijye yo travèse Darien Gap la
-Gwo dife nan Fakilte Agwonomi Damyen
-Nasyonzini di l ap chache 720 milyon dola pou l bay 3.2 milyon nan 4.9 milyon Ayisyen yo di k ap mouri grangou yo manje
-Fondasyon Zile ak Konsila Ayiti nan Santiago nan Repiblik Dominikèn lanse 11yèm edisyon Semèn Dyaspora a
Liy ouvè ak oditè yo