Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Refleksyon nou sou joujou lakomedi Meriken ak bizawèl li yo ak restavèk yo ap fè nan Jamayik la
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Afridisid anonse li voye envitasyon fòmèl bay tout chèf deta BRICS yo pou rankont 22-24 out la epi li ofri yo tout iminite nan ka yo ta deside vini
-38 chèf akizasyon federal la kont Donald Trump pou dokiman sekrè li te kenbe yo
-Pastè rasis Pat Robertson mouri
-Unabomber Ted Kaczynski mouri nan prizon
-Lese frape Fox News ak Tucker Carlson
-Kamala Harris debake nan reyinyon Meriken-CARICOM nan Bahamas la ak 100 milyon dola vèt
Liy ouvè ak oditè yo